Diskriminasyon ki Baze sou Sèks
Diskriminasyon sou sèks se lè ou trete yon moun (yon moun ki aplike oswa yon anplwaye) yon fason ki pa favorab akòz sèks moun sa a.
Diskriminasyon kont yon moun akoz idantite seksyèl, ki genyen landan sitiyasyon transjandè, oswa akèz oryantasyon seksyèl se diskriminasyon akòz sèks nan vyolasyon Seksyon VII la. Pou plis enfòmasyon konsènan demand pou disriminasyon ki lye ak LGBT,
gade https://www.eeoc.gov/laws/guidance/what-you-should-know-eeoc-and-protections-lgbt-workers.
Diskriminasyon sou Sèks ak Sitiyasyon Travay
La lwa entèdi diskriminasyon lè sa konsène tout aspè anplwa a, ki genyen ladan lè yo ap anboche, revoke, peye, atribisyon travay, pwomosyon, revokasyon, fòmasyon, avantaj anplis, ak tout lòt tèm oswa kondisyon travay.
Diskriminasyon sou Sèks ak Asèlman
Li kont la lwa pou asele yon moun akòz sèks moun sa a. Asèlman ka genyen ladan “asèlman seksyèl” ki genyen ladan avans seksyèl ki endezirab, demand pou favè seksyèl, ak lòt asèlman seksyèl oswa vèbal ki genyen yon nati seksyèl. Asèlman pa bezwen genyen yon nati seksyèl, sepandan, li ka genyen landan pawòl ofansif konsènan sèks yon moun. Pa egzanp, li ilegal pou asele yon fanmi pandan w’ap fè kòmantè ki ofansif konsènan fanmi an jeneral.
Ni viktim nan ak aselè a ka swa yon fanm oswa yon gason, epi viktim nan ak aselè a ka genyen menm sèks la.
Byenke la lwa pa entèdi senp anwi, kòmantè ki fèt san okenn entansyon,oswa ensidan izole ki pa trè serye, asèlman ilegal se lè li fèt twò souvan oswa li grav epi li rive kreye yon anviwònman travay ki ofansif oswa ki agresif oswa lè li mennen yon desizyon ki negatif sou anplwa (tankou yo revoke viktim nan oswa yo redwi nan grad li).
Aselè a kapab se sipèvizè viktim nan, yon sipèvizè nan yon lòt espas, yon kòlèg travay, yon souzòd, oswa yon moun ki pa yon anplwaye pou anplwayè a, tankou yon kliyan oswa yon konsomatè.
Diskriminasyon ki Sèks ak Politik/Pratik sou Anplwa
Yon politik anplwa oswa pratik ki aplike ak tout moun, san konsidere sèks, ka ilegal si li genyen yon enpak negatif sou anplwa moun nan sèks patikilye oswa ras epi li pa lye ak travay la oswa li nesesè pou operasyon biznis la.
Kouvèti pou Anplwayè
15 anplwaye oswa plis
Delè
180 jou pou depoze yon
chaj
(kapab pwolonje pa lwa eta a)
Anplwaye federal; yo genyen 45 jou pou kontakte yon Konseye EEO
Pou plis enfòmasyon, ale sou:
Gade tou:
- Peman Egal ak Diskriminasyon sou Konpansasyon
- Diskriminasyon sou Gwosès
- Asèlman Seksyèl
- Pi Bon Pratik Anplwayè yo pou Travayè ki Genyen Responsablite pou Bay Swen
- Tan Poz pou Manman K ap Pran Swen Yo Selon FLSA a (Depat. Travay Etazini an, Divizyon Salè ak Lè a)
- Kesyon ak Repons: Aplikasyon Seksyon VII ak ADA a pou Moun ki Aplike oswa Anplwaye Ki Te Fè Fas ak Vyolans Domestik oswa Frekantasyon, Agresyon Seksyèl, oswa Asèlman Kriminèl